« Ban m tèt la! » Se demand yon jèn fi fè sou sèn krim kote yon lòt jèn fi parèy li ap pèdi lavi li. Nou depase pwòp limit nou. Zak kriminèl yo vin tounen tankou bagay nòmal, paske nou twò abitye ak yo. Soti Kenskòf pou rive nan Naysbi, Leta ayisyen rete spektatè devan fim laterè sa yo, menm jan ak nou tout. Nou tout ap tann pou n wè kilè se nan zòn pa nou teworis yo ap vin enstale sal sinema pa yo.

Semèn pase a, yon videyo te sakaje rezo sosyal yo: yon krim terib te ekspoze sou gran ekran. Yon jèn fi ki te aktif sou TikTok te sispèk gen rapò ak teworis ki nan Kwadèboukè yo. Okòmansman, akizasyon sa a te voye jete, jiskaske prèv yo te kòmanse fè sifas. Nan mal, nan mal nèt: Naysbi, afiche tèt li kòm manm gwoup teworis 400 Mawozo.

Videyo krim nan te deja ap sikile depi plizyè jou, men sèvis ransèyman DCPJ yo pa t ase efikas pou yo te gentan genyen l. DCPJ tounen yon enstitisyon polisye « men je m, men je w; pase la n a rankontre ». Apre moun sou rezo sosyal yo te manifeste konstènasyon yo, DCPJ te kouri soti yon avi rechèch dèyè Naysbi, ki te Sendomeng, pou bay enpresyon yo pran dosye a an chaj.

Naysbi rantre nan peyi a epi li gentan chita kò l anndan baz 400 Mawozo. Li fè live sou TikTok ansanm ak chèf teworis yo epi li afiche tèt li aklè. Sa montre DCPJ se kimen li t ap kimen. Y ap pase pèp ayisyen an nan betiz.

Boutofen, n ap mande: kisa DCPJ itil menm? DCPJ ap fè a la kyout, DCPJ ap fè a la Nays. Pèp la lage de bra balanse, l ap chèche sekou li pa menm konnen kote l ap soti.

RADIO TELE COOL ap kontinye fè nou pran men nou epi mete limyè sou pwoblèm yo, denonse sa ki pa mache epi klere tout zòn ki rete nan fènwa. Se yon pati nan misyon li pou fè solèy lespwa a briye sou vil nou renmen anpil la: Leyogàn.

NOU OTOSIFIZAN. NOU GRANMOUN TÈT NOU.

#KarikaCool